logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Kolizyon

Kolizyon

Posté le 18 janvier 2023 • 1 min de lecture • 188 mots
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Pwovizyon pou evite kolizyon ant enterè pèsonel fonksyonè a ak enterè administrasyon an.

Kolizyon
Photo par freshidea sur Adobe Stock

Fonksyonè yo pa dwe gen enterè ki ka fe yo touye je sou prinsip enpasyalite ak endepandans. Yon fonksyonè ki gen madanm oubyen mouche k ap egzèse aktivite biznis ou komès dwe deklare sa pa ekri nan enstitisyon l e kopi dwe al jwenn OMRH nan sousi pou pran mezi pou pwoteje enterè administrasyon an.

Nan sousi pou garanti prensip enpasyalite ak endepandans fonksyonè a nan kad travay li parapò ak izaje yo. Lalwa prevwa evite kolizyon ant enterè pèsonèl fonksyonè a ak enterè administrasyon an ki se garanti sèvis kalite e aksesib nan enterè jeneral la.

Youn nan fason kontwòl sa fèt se nan evite fonksyonè yo devlope lòt enterè parapò ak sèvis yap ofri yo, ni pou yo pa ofri avantaj espesyal a moun ki pwòch yo. Atik sa prevwa pou fonksyonè deklare pa ekri si konjwen li ap mennen yon aktivite likrativ, komès biznis ou aktivite liberal, yon fason pou evite tout kolizyon enterè privé ak enterè administrasyon.

Deklarasyon ekri sa dwe achemine nan OMRH, epi administrasyon an dwe pran mezi pou administrasyon an pa viktim. Alo fonksyonè!

 Obeyisans yerachik
Obligasyon fonksyonè yo (dezyèm pati) 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier