logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Evalyasyon

Evalyasyon

Posté le 21 juin 2023 • 1 min de lecture • 212 mots
evalyasyon
 
fonksyon piblik
 
evalyasyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Sistèm ki tabli pou apresye travay fonksyonè yo.

Evalyasyon
Photo par Monster Ztudio sur Adobe Stock

Gen yon sistèm evalyasyon ki tabli nan fonksyon piblik la pou pèmèt yo sitiye fonksyonè yo parapò ak aptitid yo, konpetans yo ak pèfòmans yo. Rezilta evalyasyon sa ki fèt yon fwa chak ane sèvi kòm baz pou avansman fonksyonè yo, defini bezwen yo nan domèn fòmasyon, reklasman yo ou lisansiman yo. Gen yon tablo avansman ki drese an fonksyon merit fonksyonè yo.

Pou rann fonksyon piblik la pèfòman, gen yon sistèm evalyasyon ki tabli pou apresye konpetans ak aptitid fonksyonè yo chak ane. Sa pèmèt yo wè bezwen yo genyen nan domèn fòmasyon, sa ede yo idantifye fonksyonè ki merite avansman.

Men tou apre 3 lane avalyasyon an negatif, yo ka reklase ou lisansye fonksyonè konsène yo.

Pou evalyasyon sa posib, fòk gen kritè ki etabli davans, sa vle di objektif presi parapò ak travay fonkyonè yo e k ap sèvi kòm baz pou evalyasyon sa. Alò sa klè, tout antite nan administrasyon an dwe gen objektif yo fikse pou ane ak plan daksyon ki sèvi kòm enstriman reyalizasyon, evalyasyon ak swivi pou chak inite, chak sèvis.

Fonksyon piblik la dwe sispann woutin lan, dwe gen objektif defini pou chak antite ak sèvis, sa ap pèmèt yo evalye fonksyonè yo pi fasil.

 Fèt fonksyonè yo
Rekou kontansye 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier