logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Pwosesis evalyasyon

Pwosesis evalyasyon

Posté le 5 juillet 2023 • 1 min de lecture • 189 mots
evalyasyon
 
fonksyon piblik
 
evalyasyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Pwosesis evalyasyon pou apresye travay fonksyonè yo.

Pwosesis evalyasyon
Photo par Cagkan sur Adobe Stock

Pandan antretyen evalyasyon an, chèf imedya fonksyonè a apresye randman l parapò ak reyalizasyon objektif ki te fikse depi nan premye mwa ane fiskal la oubyen nan antre fonksyon l si li nouvo. Objektif sa yo dwe kominike ak tout ajan konsène yo e dwe gen yon revizyon deskripsyon tach kap fasilite akonplisman objektif yo. Rezilta evalyasyon sa se yon nòt chifre ki koresponn ak kritè yo sou yon echèl 1 a 5, nòt minimal la se 3 ki vle di objektif yo atenn.

Arete 10 septanm 2014 sou evalyasyon pèfòmans nan fonksyon piblik la presize etap pwosesis evalyasyon an:

  • Fikse epi kominike objektif pèfòmans yo
  • Fè revizyon nan deskripsyon tach yo
  • Fonksyonè yo dwe evalye tèt yo dabò epi soumèt rezilta bay siperyè yo
  • Antretyen evalyasyon an ant siperyè a ak fonksyonè a
  • Fich evalyasyon ki siyen pa fonksyonè a ak siperyè l e kap sèvi kòm rapò evalyasyon
  • Entèvansyon sèvis resous zimèn si gen dezakò ant fonksyonè a ak siperyè l sou rezilta yo

Evalyasyon pèfòmans lan dwe ede nan jere ak itilize resous zimèn yo yon fason ki efikas.

 Rezilta evalyasyon
Fèt fonksyonè yo 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier