Evalyasyon (rekou)

Posté le 2 août 2023 • 1 min de lecture • 104 mots
Dwa rekou sou rezilta evalyasyon an
Evalyasyon (rekou)
Photo par Orkun Azap sur Unsplash
Fonksyonè ki pa satisfè ak rezilta evalyasyon pèfòmans li kapab fè yon rekou yerachik. Sa vle di l ap adrese yon rekèt a siperyè yerachik chèf imedya l la pou fè anile rezilta a. Se chèf imedya l la k ap fè swivi epi eseye jwenn yon solisyon ak siperyè yerachik li aprè l fin tande kontestasyon fonksyonè a, se li tou k ap kominike dènye desizyon an a fonksyonè a.

Pa bliye sa fonksyonè yo toujou gen yon dwa rekou kont tout desizyon ki leze eterè yo e nan ka evalyasyon pèfòmans lan se menm reyalite a.

Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou