logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Rezilta evalyasyon

Rezilta evalyasyon

Posté le 12 juillet 2023 • 1 min de lecture • 207 mots
evalyasyon
 
fonksyon piblik
 
evalyasyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Sa ki fèt ak bilan rezilta ki apresye travay fonksyonè yo.

Rezilta evalyasyon
Photo par LAONG sur Adobe Stock

Antretyen evalyasyon pèfòmans lan chita sou bilan fiskal la, verifikasyon ekilib ant rezilta ak kondisyon travay yo, enpak akonpanyeman siperyè yerachik la sou travay fonksyonè, kontrent ki te anpeche reyalizasyon objektif yo ak aktivite ki reyalize andeyò pwogram lan. Rezilta evalyasyon an dwe kominike a fonksyonè a e li dwe anrejistre nan dosye li ak fichye santral la.

Lè tout paramèt yo fin konsidere, sa vle di bilan rezilta yo, ekilib rezilta ak kondisyon travay, enpak akonpayman siperyè yerachik la, kontrent yo ak lòt aktivite ki reyalize, rezilta evalyasyon an dwe kominike a fonksyonè a avan yo enskri l nan dosye l. Rezilta sa dwe anrejistre nan fichye santral la.

Fichye santral la se yon sistêm entegre jesyon entèministeryèl resous zimèn ki pèmèt swivi karyè fonksyonè yo ka fèt fasilman sòti nan nominasyon pou rive nan sesasyon.

Nan OMRH ki se youn nan ògan jesyon fonksyon piblik la, gen yon selil espesyal ki ta dwe okipe l de zafè fichye santral sa, se Selil fichye santral la.

Malerezman malgre egzistans selil sa sou papye, fichye santral la poko janm mareryalize. Vin fè yo oblije ap mande yon fonksyonè dosye a chak mouvman alòske sa tap otomatik ak fichye santral la.

 Evalyasyon (eksepsyon)
Pwosesis evalyasyon 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier