logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Fèt fonksyonè yo

Fèt fonksyonè yo

Posté le 23 juin 2022 • 1 min de lecture • 211 mots
nimewo espesyal
 
nimewo espesyal
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Yon nimewo espesyal pou selebre Jounen entènasyonal Fonksyonè yo

Fèt fonksyonè yo
Photo par Porcupen sur Adobe Stock
 
Le thème de la Journée de la fonction publique en Haiti, le 23 juin 2022 est : « Une fonction publique rénovée au service des usagers ».

La Journée des Nations Unies pour la fonction publique, proclamée en 2003 par l’Assemblée générale des Nations Unies dans sa résolution A/RES/57/277  , met en valeur le rôle de l’administration publique pour le développement et auprès des communautés.

Nan okazyon jounen mondyal fonksyonè yo, Alo fonksyonè mete chapo l byen ba pou salye tout fonksyonè leta nan peyi Dayiti.

Nou konnen sitiyasyon nou pa fasil, men aksyon piblik la repoze sou do n, nou se atizan sèvis piblik yo, nou se avangad administrasyon piblik la. Malgre danje kovid 19, nou te asire kontinite sèvis piblik la, nou merite ochan. Onè respè pou sila yo ki onore pa mwayen plak onè nan jounen sa, patap gen ase plak, men chak fonksyonè merite youn.

23 jen se okazyon pou n reflechi sou renovasyon fonksyon piblik la pou rann li pi dinamik, pi akeyan pi akse sou respè lalwa ak valorizasyon resous zimèn.

Nap pwofite salye manm “kò administratè sivil leta yo"(CACE), yon gwoup jèn dinamik kap fè anpil efò nan administrasyon piblik la malgre mank ankadreman.

Alo fonksyonè swete kouraj ak tout fonksyonè Dayiti. 🙏🏼

 OMRH
Pòs ki vid 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier