logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Kò anplwa

Kò anplwa

Posté le 23 novembre 2022 • 2 min de lecture • 238 mots
fonksyon piblik
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Enpòtans kò yo nan fonksyon piblik la

Kò anplwa
Photo par DS stories sur Pexels

Nan sousi pou byen òganize rejim karyè a nan fonksyon piblik la, Leta gen obligasyon pou l mete sou pye kò anplwa apati gwo filyè pwofesyonèl transvèsal ak sektoryèl yo pou akonpli misyon esansyèl yo. Kò sa yo ap kreye sou baz arete Premye Minis la ki fikse stati patikilye yo.
 

Gestion spécialisée de la carrière des grands commis de l’État

De manière plus génerale, et malgré l’existance de certains corps (grands commis, par exemple), il n’existe pas en Haïti de culture de corps, permettant une meilleure lisibilité des perspectives de carrière et des grilles indiciaires.

Pour plus de détail 

Sa enpòtan anpil pou asire kowòdinasyon stratejik Leta a sitou pou misyon esansyèl li yo, kreyasyon kò sa yo pèmèt yon meyè jesyon karyè atravè stati patikikye yo ki detèmine nivo etid ak egzijans pwofesyonèl, mòd rekritman, grad ak echlon manb yo ka okipe, fason manm kò sa yo ap avanse epi fason pou yo reminere, se tankou yon jesyon otomatik karyè lè yon fonksyonè fè pati yon kò.

Pa bliye sa kò anplwa a se yon regwoupman anplwa ki gen menm reglemantasyon nou sot site pi wo a. Youn nan egzanp ki pi resan se Kò administratè sivil Leta a (CACE), jodi a fè yo 5 lane jou pou jou depi yo te akeyi yo nan fonksyon piblik la. Alo Fonksyonè ap ap pibliye yon atik espesyal sou sa.

 Pwoteksyon jiridik
Pwoteksyon sosyal 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier