Konfli
Posté le 7 décembre 2022 • 1 min de lecture • 103 motsLè gen chire pit ant fonksyonè

Lè gen manb pèsonèl yon enstitisyon piblik ki an konfli, se responsabilite direksyon osnon sèvis resous zimèn pou fè abritaj ak konsilyasyon pou rezoud pwoblèm la epi drese rapò bay responsab enstitisyon an.
Lang ak dan toujou mòde men sa pa anpeche yo rete menm kote. Nan sans sa direksyon oubyen sèvis resous zimèn yo jwe yon wòl enpòtan nan veye sou relasyon kòdyal ant anplwaye yo ak yon anviwònman travay pezib.
Fonksyon RH la dwe gen ase otonomi pou l ka elve l nan dimansyon pou l abitre konfli nan tout nivo nan bwat la.