logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Konje maladi

Konje maladi

Posté le 25 août 2022 • 1 min de lecture • 197 mots
konje
 
abandon
 
fonksyon piblik
 
konje
 
abandon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Dwa konje maladi e absans ki pa jistifye

Konje maladi
Photo par RDNE Stock project sur Pexels

Sou chak 12 mwa sèvis, fonksyonè a gendwa a 1 mwa konje maladi pou pi plis. Ajan piblik yo gen delè 3 jou (72h) pou motive absans yo, si delè sa pase, yo oblije prezante yon sètifika medikal.
 
Note byen atik la pa di ke yo gendwa revoke yon fonksyonè pou abandon pòs apati 3 jou absans. Abandon pòs la reponn ak lòt kondisyon.

Sa pa sifi pou yon moun jis absan epi pou yo revoke l pou abandon pòs, gen lòt kondisyon ki pou reyini paske absans lan ka jistifye. Nan dekrè sou fonksyon piblik la, tèks ki nan atik 120 an ke yo itilize pou revoke moun pou abandon pòs la pa di sa.

Bagay ki karakterize abandon pòs la se: Yon absans total e pwolonje epi absans lan pa jistifye, sa demontre volonte ajan an pou l abandone travay la pou yon lòt aktivite. Nan ka sa responsab yo dwe some fonksyonè a pou l reprann pòs li nan yon delè presi. Si delè sa pase san l pa aji, lè sa abandon pòs la karakterize e yo dwe pran mezi kont fonksyonè a. Vwala !

 Fanm ki ap pote bebe
Konje fòmasyon 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier