logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Konje maladi (manch long)

Konje maladi (manch long)

Posté le 12 octobre 2022 • 2 min de lecture • 263 mots
konje
 
fonksyon piblik
 
konje
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Dwa konje manch long

Konje maladi (manch long)
Photo par RDNE Stock project sur Pexels

Yo akòde konje manch long nan a yon fonksyonè ki poko refè apre peryòd konje maladi a e ki gen yon enkapasite tanporè. Li pa dire plis ke 2 zan. Fonksyonè a ap resevwa:

  • Soti 1 a 5 ane sèvis: yon ka (1/4) nan salè li ;
  • 6 a 14 ane sèvis: mwatye (1/2) nan salè li ;
  • Apati 15yèm ane sèvis: de tyè (2/3) salè li
  • E si se yon aksidan travay ki lakoz enkapasite a l ap resevwa tout salè li.

Lè konje long dire an fini, si sèvis konpetan yo konstate enkapasite pèmanan fonksyonè a, li ka mande pansyon avan lè. Si enkapasite a rive apati 1 a 5 ane sèvis, l ap jwenn yon ka (1/4) nan pansyon nòmal li. Soti 5 pou rive 15 ane, l ap resevwa mwatye (1/2) pansyon an. Apati 20tyèm ane sèvis, l ap resevwa tout pansyon l. Si se yon aksidan nan kad travay li ki lakoz enkapasite pèmanan an, l ap resevwa salè l jiska laj pou l pran pansyon.

Fonksyon piblik la òganize yon fason pou akonpanye Fonksyonè a nan peryòd maladi li oubyen aksidan nan kad travay. Se pou sa mezi pou akòde konje long dire a egziste nan ka kote konje maladi anyèl la pa ta sifi pou fonksyonè a retabli.

E menm aprè 2 zan konje manch long lan, gen mezi pou kontinye akonpanye fonksyonè ki gen yon enkapasite pèmanan ki fè l pap ka rekomanse travay, sa gen ladan retrèt antisipe ak lòt mezi nou esplike nan nimewo jodi a.

 Egal ego
Òkad 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier