logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Fanm ki ap pote bebe

Fanm ki ap pote bebe

Posté le 31 août 2022 • 1 min de lecture • 137 mots
konje
 
fonksyon piblik
 
konje
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Dwa konje avan e aprè akouchman

Fanm ki ap pote bebe
Photo par Fanny Renaud sur Unsplash

Fonksyonè piblik ki ap pote yon bebe dwe benefisye 12 semèn konje selon lalwa. Konje sa dwe kòmanse 2 semèn avan akouchman an sof si doktè ta rekòmande yon lòt dat pou sa pa mwayen sètifika medikal.

Papa pitit la dwe benefisye 5 jou konje patènite apati dat akouchman madanm li.

Lalwa pran an kont sitiyasyon fonksyonè ki ansent e se pou sa li gen dwa a 12 semèn konje. 2 semèn avan l akouche, konje a dwe demare pou l etann li sou 10 lòt semèn apre akouchman an. Etandone fi ki akouche ap bezwen atansyon ak asistans mari l, lalwa prevwa 5 jou konje pou mari a apati dat akouchman madanm li.

Si madanm ou akouche ou pa egzije konje patènite w, se pa fòt Alo Fonksyonè! 😉

 Prezans parantal
Konje maladi 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier