logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Obligasyon fonksyonè yo (premye pati)

Obligasyon fonksyonè yo (premye pati)

Posté le 4 janvier 2023 • 2 min de lecture • 349 mots
obligasyon
 
fonksyon piblik
 
obligasyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

2 obligasyon pou fonksyonè ki gen lestomak glise yo

Obligasyon fonksyonè yo (premye pati)
Photo par Andranik123 sur Adobe Stock

Fonksyonè yo gen obligasyon sekrè ak diskresyon pwofesyonèl. Kidonk yo pa gen dwa pataje, ni pibliye enfòmasyon ak dokiman yo resevwa nan kad egzèsis fonksyon yo. Yo pa gen dwa revele anyen nan kad tretman dosye administratif yo e obligasyon sa kenbe menm aprè yo sispann fe pati fonksyon piblik la.

Anpil fwa yon dokiman oubyen dosye konn an tretman nan administrasyon an epi foto oubyen kopi dokiman ak enfòmasyon nan dosye a deja ap sikile sou tout rezo sosyal. Fonksyonè ki responsab fwit sa yo ekspoze ak sanksyon penal e disiplinè selon lalwa paske yo vyole sekrè pwofesyonèl e yo komèt mankman a diskresyon pwofesyonèl.

 

Ce qui constitue une violation du secret professionnel.

Photocopier et donner à quelqu’un d’autre des documents administratifs ou d’autres pièces d’un dossier administratif dans le but de les utiliser en dehors du service ;

Donner des informations sur la situation administrative d’une personne à une autre.

Règles déontologique 

Se kòd penal la ki sanksyone vyolasyon sekrè pwofesyonèl, li gen ladan transmisyon ak kominikasyon ransèyman a karaktè prive, medikal ou pwofesyonèl ak pyès entèn nan yon dosye administratif.

Kanta pou diskresyon pwofesyonèl la, li pi vas pase sekrè pwofesyonèl la. Li gen ladan tout enfòmasyon ak fè fonksyonè a okouran nan kad egzèsis fonksyon l. Tankou pataje rezilta yon ankèt konfidansyèl, oubyen kominike non fonksyonè kap travay sou yon dosye presi elatriye. Fonksyonè fotif la ekspoze a sanksyon disiplinè.

 

États-Unis d’Amérique : Une fonctionaire arrêtée pour avoir divulgé des informations à un journaliste

Natalie Mayflower Sours Edwards, 40 ans, a été inculpée pour avoir transmis des rapports sur des transactions financières suspectes, qui ont alimenté douze articles du site d’informations en ligne BuzzFeed en un an, selon un communiqué du département.

Plus de détails 

Sèl otorizasyon eksprès otorite konpetan an ki kapab pèmèt yon fonksyonè pataje enfòmasyon konfidansyèl e sa dwe fèt nan respè lalwa.

Sonje sa obligasyon sekrè ak diskresyon pwofesyonèl la kenbe menmsi fonksyonè a an konje e menm aprè l sispann fè pati fonksyon piblik la swa pou pansyon ou revokasyon.

 Obligasyon fonksyonè yo (dezyèm pati)
Rekonpans pou fonksyonè yo 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier