logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Fonksyonè an detachman

Fonksyonè an detachman

Posté le 21 septembre 2022 • 1 min de lecture • 146 mots
pozisyon
 
fonksyon piblik
 
pozisyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Presizyon sou fonksyonè ki an detachman

Fonksyonè an detachman
Photo par Werner Pfennig sur Pexels

Yon fonksyonè ki jwenn nominasyon pou yon pòs politik dwe mande mete l an detachman pou l ka ranpli fonsyon politik sa.

Lè peryòd detachman an fini (2 zan pou pi plis), l ap reyentegre fonksyon piblik la, swa nan enstitisyon li te ye avan an osnon yon lòt enstitisyon ki gen pòs disponib.

Anpil fwa yon Fonksyonè jwenn nominasyon pou l okipe yon pòs politik, li annik kite fonksyon piblik la san l pa solisite mizandetachman l.

Lè l sispann egzèse fonksyon politik la, li difisil pou etabli lyen li ak fonksyon piblik la pou yo ka reyentegre l. Aloske si l te an detachman, l ap sèlman solisite reyentegrasyon l. Si pa gen pòs vid nan administrasyon l lan, y ap reyentegre l nan yon lòt administrasyon ki gen pòs disponib.

Nou wè jan fòmalite sa enpòtan!

 Mizandisponibilite
Prezans parantal 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier