logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Mizandisponibilite

Mizandisponibilite

Posté le 29 septembre 2022 • 2 min de lecture • 240 mots
pozisyon
 
fonksyon piblik
 
pozisyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Presizyon sou fonksyonè ki an disponibilite

Mizandisponibilite
Photo par David sur Pexels

Mizandisponibilite an koresponn ak pozisyon fonksyonè ki kite administrasyon an pandan yon tan san l pa sispann fè pati fonksyon piblik la. Men pandan tan sa li sispann benefisye dwa avansman, retrèt ak lòt avantaj.

Mizandisponibilite ki pi long lan dire 1 an e li renouvlab 1 fwa sou demann fonksyonè a.

Mizandisponibilite an ka pwononse dofis ou sou demann fonksyonè a, men OMRH dwe bay avi l. Fonksyonè a dwe mande reyintegrasyon l 2 mwa pou pi piti avan mizandisponibilite a fini. Si l pa mande reyentegre l nan delè sa, se tankou l t demisyone.

Si w te mande mizandisponiblite pou konvnans pèsonèl, sonje w dwe mande reyentegrasyon w 2 mwa pou pi piti, avan mizandisponiblite a ekspire. Reyentegrasyon sa pa otomatik, li fèt an fonksyon de anplwa ki disponib nan moman an, se gendwa menm nan yon lòt enstitisyon fonksyonè a reyentegre.

Administrasyon an ka pwononse mizandisponiblite a dofis tou

  • Kòm mezi disiplinè, lè sa li pa ka dire plis ke 3 mwa;
  • Nan ka kote Fonksyonè a nan prizon si l pa kondane pou yon enfraksyon grav, lè sa mizandisponiblite a ap ekspire lè fonksyonè a libere;
  • Nan ka yon fonksyonè ki te an konje maladi manch long e ki pa reprann sèvis.
 
Fonksyonè ki an disponiblite a toujou gen obligasyon rezèv ak diskresyon parapò ak fonksyon li te okipe a.
 Òkad
Fonksyonè an detachman 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier