logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Òkad

Òkad

Posté le 5 octobre 2022 • 1 min de lecture • 184 mots
pozisyon
 
fonksyon piblik
 
pozisyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Presizyon sou fonksyonè ki òkad

Òkad
Photo par Salem Ochidi sur Pexels

Pozisyon òkad la koresponn ak sityasyon fonksyonè ki kontinye egzèse yon chaj politik aprè ekspirasyon peryòd mizandetachman l. Pou sa li dwe mande mete l òkad. Kidonk òkad la se pwolonjman mizandetachman an sofke fonksyonè a sispann benefisye dwa a avansman epi retrèt.

Pozisyon òkad la pa gen yon dire limite e li fini sou demann fonksyonè a pou reyentegrasyon l ki pa otomatik.

Sonje sa, lè fonksyonè kap egzèse yon fonksyon politik rive nan fen peryòd mizandetachman l pandan ke l toujou gen chaj politik la, li dwe mande mete l òkad pou l ka kontinye nan pòs sa.

Òkad la se pwolonjman mizandetachman an, men nan ka sa lap sispann benefisye dwa avansman ak retrèt. Lè l sispann egzèse fonksyon politik la, lap mande mete fen nan pozisyon òkad la ak reyentegrasyon l. Reyentegrasyon an pa otomatik men fonksyonè a ap a dispozisyon administrasyon piblik la e y ap reyentegre l nan pòs disponib swa nan administrasyon l te ye avan an oubyen nan yon lòt. Sa vle di y ap reyaktive karyè fonksyonè l.

 Konje maladi (manch long)
Mizandisponibilite 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier