logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Rekonpans pou fonksyonè yo

Rekonpans pou fonksyonè yo

Posté le 21 décembre 2022 • 1 min de lecture • 142 mots
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Divès kalite rekonpans yon fonksyonè ka jwenn

Rekonpans pou fonksyonè yo
Photo par Pavel Danilyuk sur Pexels

Rekonpans yon fonksyonè ka jwenn pou bon rannman l se :

  • lèt ankourajman,
  • lèt felisitasyon ak temwanyaj satisfaksyon.

Premye minis la ka akode l yon pwomosyon eksepsyonel oubyen l ka dekore l nan òd sivil yo.

Anplis prim ak lòt avantaj, dekrè sou fonksyon piblik la prevwa 2 kalite rekonpans pou fonksyonè ki bay bon rannman.

Premye kategori rekonpans lan se Minis oubyen responsab enstitisyon an k ap bay yo, lèt remèsiman, ankourajman epi temwayaj satisfaksyon.

Dezyèm kategori a se Premye Minis la kòm chèf fonksyon piblik la kap bay li. Se kapab yon pwomosyon a tit eksepsyonèl li bay fonksyonè a oubyen l ka deside dekore l nan youn nan òd sivil repiblik la. Se yon dispozisyon ki vize ankouraje fonksyonè ki gen lespri sèvis e ki demake yo pa mwayen kalite travay yo.

 Obligasyon fonksyonè yo (premye pati)
Sistèm reminerasyon 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier