logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Rekou

Rekou

Posté le 22 mars 2023 • 2 min de lecture • 252 mots
rekou
 
fonksyon piblik
 
rekou
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Plizyè kalte rekou kont desizyon administrativ.

Rekou
Photo par Katrin Bolovtsova sur Pexels

Si li estime desizyon an ilegal ou abitrè, yon fonksyonè ka entante :

  • Yon rekou grasye, ki konteste desizyon an devan otorite ki adopte l la menm
  • Yon rekou yerachik, devan siperyè yerachik otorite ki pran desizyon an
  • Yon rekou kontansye devan Lakoudèkont

Objektif la se fè anile desizyon an.

Desizyon administrativ yo pa irevokab, yo ka fè rekou kont yo.

Lalwa esplike diferan tip rekou yo e se sa nimewo sa trete. Anplis rekou grasye devan otorite ki pran desizyon an, gen yon ògan siperyè ki la pou tranche sou rekou grasye nan fonksyon piblik la apre fonksyonè a fin fè l si l pa mache. Ògan sa se Konsèy siperyè administrasyon ak fonksyon piblik la (CSAFP).

 

Examen de l’OCDE sur la gouvernance publique : Haïti : Renforcer l’administration pour une gouvernance publique résiliente et durable

Certaines structures transversales de coordination existent sur le papier, mais ne se réunissent pas ou très peu, comme le Conseil Supérieur de l’Administration et de la Fonction Publique (CSAFP), Forum des directeurs généraux, le Forum des directeurs des ressources humaines et des Directeurs Administratifs et Financiers.

Nap sonje sa, yon fonksyonè ki pa vle fè rekou grasye oubyen rekou yerachik ka annik sezi Lakoudèkont (CSCCA) ak yon rekou kontansye e kòm se yon ògan jiridiksyonèl,li gen konpetans pou l tranche sou desizyon an. Fonksyonè a gen yon entèval 90 jou delè apati desizyon an pou l sezi Lakoudèkont, si delè a pase rekou a pap resevab ankò.

 Sesasyon / Fen karyè
Sanksyon disiplinè (3zyèm gwoup +) 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier