Rekou
Posté le 9 novembre 2022 • 1 min de lecture • 91 motsDelè pou rekou Lakou dèkont

Lakou dèkont se ògan ki la pou tranche sou tout kontestasyon ant fonksyonè ak administrasyon an. Fonksyonè yo gen delè 90 jou pou yo fè rekou kont desizyon konteste a devan Lakou dèkont.
Fonksyonè yo gen delè 90 jou pou yo fè rekou kont tout desizyon administrativ ki leze yo devan Lakou dèkont, kit se yon revokasyon ounyen lòt. Depi delè sa ekoule, rekou a pa resevab ankò. Kidonk kit ou te gen rezon, lakou a pap ka menm pwononse l sou ka a.