logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Rekou kontansye

Rekou kontansye

Posté le 14 juin 2023 • 1 min de lecture • 174 mots
rekou
 
fonksyon piblik
 
rekou
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Lòt fason pou fonksyonè konteste yon desizyon.

Rekou kontansye
Photo par Chandan Khanna sur AFP

Kont tout desizyon ki leze dwa yo ak enterè yo, fonksyonè yo gen dwa fè yon rekou kontansye devan ògan jiridiksyonè administrasyon an ki se Lakoudèkont ak kontansye administratif. Yon fonksyonè lib pou l fè rekou sa san l pa fè rekou grasye ak yerachik. Rekou kontasye a dwe fèt nan entaval 90 jou apati desizyon konteste a. Si delè sa pase, rekou a pap resevab devan Lakoudèkont.

Tout fonksyonè gen dwa pou l fè yon rekou devan Lakoudèkont ki se ògan jiridiksyonèl administrasyon an (ògan ki la pou tranche sou litij ant administrasyon an e ajan piblik yo ou isaje yo).

Pou rekou sa valab, fonksyonè a dwe fè l nan delè legal la, sa vle di 90 jou apati desizyon ki leze dwa l la. Kidonk si apre w fin gen konesans de desizyon ki pran kont ou, ou kite 90 jou pase avan w fè rekou devan Lakoudèkont, rekou w la pap resevab e menmsi desizyon an te enjis yo pap ka anile l.

 Evalyasyon
Rekou yerachik 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier