logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Rekritman (eksepsyon)

Rekritman (eksepsyon)

Posté le 21 septembre 2023 • 1 min de lecture • 156 mots
rekritman
 
fonksyon piblik
 
rekritman
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Konkou rekritman pa pou moun sa yo

Rekritman (eksepsyon)
Photo par Monster Ztudio sur Adobe Stock

Tout moun ki okipe yon fonksyon oubyen yon chaj polotik nan administrasyon piblik la tankou Komisè gouvènman, delege, vis delege, direktè jeneral, anbasadè elatriye sa n pa bliye moun ki gen yon manda pou egzèse yon chaj politik, yo youn pap ka patisipe nan konkou rekritman pou entegre fonksyon piblik la pandan dire manda oubyen fonksyon politik yo a.

Gen kèk fonksyon nan administrasyon piblik la ki se chaj politik, pòs sa yo pa bay dwa a karyè. Nou jwenn lis pòs sa yo nan atik 11 dekrè 2005 sou fonksyon piblik la. Si se moun ki te fonksyonè ki vin okipe pòs sa yo, yo oblije mete yo an detachman pandan dire fonksyon an, e si moun lan pat fonksyonè avan l okipe fonksyon politik sa, li pap ka postile nan konkou rekritman pou l entegre fonksyon piblik la pandan tan l ap okipe chaj politik la.

 Konkou (dezyèm pati)
Rekritman entèn 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier