logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Konkou (premye pati)

Konkou (premye pati)

Posté le 1 novembre 2023 • 1 min de lecture • 192 mots
rekritman
 
fonksyon piblik
 
rekritman
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Fason moun gen aksè a fonksyon piblik la se konkou sou eprèv.

Konkou (premye pati)
Photo par Andy Barbour sur Pexels

Lè konpetans administrasyon an ap chèche a pa ka verifye so tit sèlman, se yon konkou sou eprèv li dwe òganize. kandida yo ap pase yon egzamen k ap pèmèt yo teste aptitid ak konpetans yo pou pòs la apresa y ap pase yon antrevi (oral).

Règ jeneral pou rekritman ajan piblik se konkou. Konkou yo ka entèn ou ekstèn depandaman de kategori kandida ki vize. Konkou yo ka sou tit ou sou eprèv. Atik sa konsène konkou sou eprèv kote kandida yo dwe sibi yon egzamen ekri pou yo ka teste aptitid ak konpetans yo, kandida ki pase egzamen an ap pase antrevi (oral) avan li angaje.

Sa raple n gwo konkou entèn e ekstèn ki te fèt pou rekrite 50 jèn nan Kò administratè sivil Leta a, yon Kò a vokasyon transvèsal ki te dwe rajeni fonksyon piblik la epi asire fonksyon stratejik administrasyon santral Leta a.

Se youn nan pi gwo konkou leta òganize pandan 10 dènye ane sa yo. (Gen yon atik spesyal sou sa)

Alo Fonksyonè ap pibliye yon atik sou Kò sa a nan semèn lan. Rete branche!

 Rekritman (otorizasyon)
Konkou (dezyèm pati) 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier