logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Konkou (dezyèm pati)

Konkou (dezyèm pati)

Posté le 25 octobre 2023 • 1 min de lecture • 178 mots
rekritman
 
fonksyon piblik
 
rekritman
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Lòt fason moun gen aksè a fonksyon piblik la se konkou sou tit.

Konkou (dezyèm pati)
Photo par Tima Miroshnichenko sur Pexels

Lè administrasyon an vle rekrite yon pwofesyonèl eksperimante parapò ak pòs li vle konble a, se yon konkou sou tit li dwe òganize aprè avi OMRH. Se sou baz dosye kandida yo yo seleksyone e gen yon jiri oubyen komisyon ki monte pou egzamine diplòm, konpetans ak eksperyans kandida yo pou rive chwazi meyè a. Kandida kalifye a dwe pase yon antrevi avan li angaje.

Se pa nan tout ka li nesesè pou yo egzije kandida yo pase yon eprèv, sa vle di yon egzamen ekri pou yo ka gen aksè a fonksyon piblik la. Kèkfwa selon nivo pòs yo vle konble a, yo konn òganize yon konkou sou tit. Nan ka sa se dosye kandida a yo evalye, diplòm ak sètifika l san konte dokiman ki ka pèmèt yo verifye konpetans, konesans ak eksperyans li.

Konkou sou tit la fèt lè se pou yon pòs ki merite yon nivo eksperyans ki avanse ak nan kèk lòt ka. Men tout fason, kandida dwe pase yon antrevi avan yo angaje l.

 Konkou (premye pati)
Rekritman (eksepsyon) 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier