Pwosesis rekritman (kalandriye)

Posté le 23 août 2023 • 2 min de lecture • 214 mots
Etap enpòtan pou lanse konkou rekritman
Pwosesis rekritman (kalandriye)
Photo par Sora Shimazaki sur Pexels
Konkou rekritman yo dwe òganize nan sousi pou asire yon bon jesyon previzyonèl efektif. Se pou sa depi premye semèn mwa oktòb, Ministè ak Òganis ki fè pati fonksyon piblik la dwe voye bay OMRH lis pòs vakan yo genyen ak prèv disponibilite bidjetè pou peye. OMRH dwe patisipe nan tout etap rekritman an.

Selon atik 14 ak atik 16 arete sou òganizasyon konkou nan fonksyon piblik la, Ministè yo ak òganis otonòm ki fè pati fonksyon piblik la dwe voye lis bezwen yo genyen an pèsonèl chak ane bay OMRH apati premye semèn mwa oktòb, sa vle di nan kòmansman ane fiskal la. Yo dwe voye prèv disponiblite bidjetè ak tèm referans pou chak pòs vakan.

Y ap ka modifye lis sa nan mwa mas ane pwochen. Fòmalite sa ap pèmèt yo jwenn otorizasyon pou lanse konkou rekritman anba sipèvizyon OMRH ki dwe patisipe nan tout etap ki gen nan rekritman an. Objektif fòmalite sa yo, se asire yon meyè jesyon previzyonêl edektif.

Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou