logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Sistèm reminerasyon

Sistèm reminerasyon

Posté le 14 décembre 2022 • 1 min de lecture • 142 mots
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Presizyon sou sistèm reminerasyon ki aplikab pou travay ki nan Leta yo

Sistèm reminerasyon
Photo par Pixabay sur Pexels

Se OMRH ki responsab pou mete anplas sistèm reminerasyon ki aplikab a fonksyon piblik la nan tèt a tèt ak Ministè finans. Se yon arete Premye minis la ki ap valide sistèm sa ki gen ladan yon griy endisyè salè, prim ak avantaj.

Malerezman jiskounya se ak yon barèm salè fonksyon piblik la ap sèvi. Nou poko janm ka gen yon travay klasifikasyon anplwa ki abouti pou byen defini kategori, klas ak echlon pou tout anplwa yo, sa kap pèmèt yon griy endisyè salè mete anplas sou baz pwa ak endis chak pòs. Griy sa ap detèminè nonb ane karyè tip pou fonksyonè yo.

Barèm salè ki la a fè tan l e pa reponn ak konfigirasyon administratif e ekomomik aktyèl la. Griy endisyè salè a se vreman yon nesesite pou fonksyon piblik ayisyèn lan.

 Rekonpans pou fonksyonè yo
Konfli 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier