logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Sanksyon disiplinè (premye gwoup)

Sanksyon disiplinè (premye gwoup)

Posté le 15 février 2023 • 1 min de lecture • 164 mots
sanksyon
 
fonksyon piblik
 
sanksyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Sanksyon ki konsène avètisman ak blam.

Sanksyon disiplinè (premye gwoup)
Photo par Sora Shimazaki sur Pexels

Sanksyon disiplinè ke siperyè yerachik imedya a ka aplike kont yon fonksyonè se :

  • Avètisman
  • Blam

Blam lan ap enskri nan dosye fonksyonè a pou pi piti 3 lane e l ap efase otomatikman si pa gen lòt sanksyon ki ajoute sou li pandan peryòd sa.

Premye gwoup sanksyon disiplinè a gen avètisman ak blam ladan e se siperyè yerachik imedya a ki dwe deside yo.

Lèt blam lan dwe eksprime klèman fot oubyen mankman fonksyonè a, dispozisyon lwa ou dekrè ki entèdi l ou sanksyone l men sa pap antre nan dosye fonksyonè a.

Fonksyonè a gen dwa konteste avètisman an si l ka demontre prèv kontrè parapò ak fot ou mankman yo repwohe l la. Blam lan li menm ap enskri nan dosye fonksyonè a pou 3 zan, lap efase otomatikman si fonksyonè a pa sibi lòt sanksyon nan entèval sa.

Fonksyonè a ka konteste blam lan si l ka pwouve ke l san fondman.

 Sanksyon disiplinè (dezyèm gwoup)
Sanksyon disiplinè 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier