Sanksyon disiplinè

Posté le 8 février 2023 • 1 min de lecture • 98 mots
Sanksyon pou mankman a obligasyon yon fonksyonè.
Sanksyon disiplinè
Photo par Sora Shimazaki sur Pexels
Lalwa prevwa pou yo angaje yon aksyon disiplinè kont tout fonksyonè pou fot oubyen mankman a obligasyon yo. Pouswit sa ap abouti a yon sanksyon disiplinè. Pou sa fèt, fot la dwe byen karakterize.

Chak fwa yon fonksyonè komèt yon mankman a obligasyon l, sa ekspoze l a sanksyon disiplinè. Kidonk fonksyonè yo gen yon responsabilite anvè administradyon an.

Pou administrasyon angaje responsabilite fonksyonè a parapò ak obligasyon sa, fòk fot la oubyen mankman an byen karakterize epi chita sou fè palpab. Lè sa sanksyon disiplinè dwe aplike kont fonksyonè a.

Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou