logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Demisyon

Demisyon

Posté le 12 avril 2023 • 1 min de lecture • 163 mots
sesasyon
 
fonksyon piblik
 
sesasyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Fason volontè pou yon moun pa travay ankò nan Leta.

Demisyon
Photo par Cytonn Photography sur Unsplash

Youn nan lòt fason karyè yon fonksyonè pran bout se lè li demisyone. Demisyon an dwe fèt pa ekri e li dwe eksprime volonte fonksyonè a klè pou l mete fen a fonksyon l. Demand demisyon an dwe fèt ak yon preyavi yon mwa pou pi piti.

Demisyon an se fason volontè pou yon fonksyonè mete fen nan sèvis li, pou sa fèt demand li an dwe klè sou volonte l pou l demisyone epi li dwe bay yon preyavi pi piti yon mwa apati demand lan.

Se youn nan fòm sesasyon definitif fonksyon. Yon moun ki demisyione pa fè pati fonksyon piblik la ankò.

Nou bezwen sonje gen yon sitiyasyon lalwa konsidere yon moun tankou l te demisyone se le yon fonksyonè te mande yon mizandispinibilite epi l pa solisite reyentegrasyon l 2 mwa avan ekspirasyon delè a. Nan ka sa, selon lalwa, se tankou l te demisyone (atik 141 dekrè sou fonksyon piblik la).

 Lisansiman
Sesasyon / Fen karyè 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier