Demisyon
Posté le 12 avril 2023 • 1 min de lecture • 163 motsFason volontè pou yon moun pa travay ankò nan Leta.

Youn nan lòt fason karyè yon fonksyonè pran bout se lè li demisyone. Demisyon an dwe fèt pa ekri e li dwe eksprime volonte fonksyonè a klè pou l mete fen a fonksyon l. Demand demisyon an dwe fèt ak yon preyavi yon mwa pou pi piti.
Demisyon an se fason volontè pou yon fonksyonè mete fen nan sèvis li, pou sa fèt demand li an dwe klè sou volonte l pou l demisyone epi li dwe bay yon preyavi pi piti yon mwa apati demand lan.
Se youn nan fòm sesasyon definitif fonksyon. Yon moun ki demisyione pa fè pati fonksyon piblik la ankò.
Nou bezwen sonje gen yon sitiyasyon lalwa konsidere yon moun tankou l te demisyone se le yon fonksyonè te mande yon mizandispinibilite epi l pa solisite reyentegrasyon l 2 mwa avan ekspirasyon delè a. Nan ka sa, selon lalwa, se tankou l te demisyone (atik 141 dekrè sou fonksyon piblik la).