logo
  • À propos 
  • Blog 
  • Tags 
  •    Changer le thème
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  •  
    •   Clair
    •   Sombre
    •   Auto
  1. Accueil
  2. Blog
  3. Revokasyon

Revokasyon

Posté le 10 mai 2023 • 2 min de lecture • 216 mots
sesasyon
 
fonksyon piblik
 
sesasyon
 
fonksyon piblik
 
Partager via
Lien copié dans le presse-papier

Lòt fason pou yon moun pa travay ankò nan Leta.

Revokasyon
Photo par Mikhail Nilov sur Pexels

Lòt fason karyè yon fonksyonè pran bout se revokasyon. Gen 3 motif pou revokasyon yon fonksyonè:

  • Abandon pòs
  • Kondanasyon a yon pèn kriminèl
  • Nan ka anrichisman ilisit

Lisansiman ak revokasyon pa menm nan fonksyon piblik ayisyen an, menmsi yo toude bay menm rezilta ki se sesasyon definitif fonksyon an, yo chak gen motif pa yo.

Pou revokasyon yon fonksyonè, gen 3 motif jan nou wè sa, abandon pòs, kondanasyon a yon pèn kriminèl epi anrichisman ilisit. Kontrèman ak sa anpil fonksyonè panse, abandon pòs la pa koresponn a 3 jou absans sèlman.

Atik 120 dekrè sou fonksyon piblik la, sèl atik ki pale sou kesyon 3 jou a, egzije yon pyès jistifikatif (sètifika medikal) apati 3 jou absans (72h) men li pa di apati delè sa yo dwe revoke fonksyonè a pou abandon pòs. Sepandan si absans fonksyonè a enjistifye e si malgre yon mizandemè ki fikse delè limit pou l reprann fonksyon l li pa prezante, administrasyon an ka soumèt dosye revokasyon l ak pyès sa yo:

  • kopi lèt mizandemè,
  • kopi lis prezans
  • epi avi sesasyon.

Si yon fonksyonè kondane a yon pèn kriminèl oubyen si li rekonèt koupab anrichisman ilisit, yo dwe revoke l selon lalwa, dosye revokasyon an ap gen: kopi desizyon lajistis ak avi sesasyon.

 Rekou grasye
Lisansiman 
Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou

       
© 2024 Alofonksyonè
Code copié dans le presse-papier