Sesasyon / Fen karyè

Posté le 29 mars 2023 • 3 min de lecture • 481 mots
Enfòmasyon sou rejim retrèt pou fonskyonè yo.
Sesasyon / Fen karyè
Photo par Kampus Production sur Pexels
Nòmalman karyè yon fonksyonè pran bout nan retrèt sof si li demisyone, lisansye ou revoke. Se lalwa ki fikse kondisyon pou yo bay yon fonksyonè pansyon. Pyès fonksyonè pa ka rete an fonksyon ni yo pa dwe kenbe l an pòs depi li depase laj limit ki fikse pou l pran retrèt li sof kèk eksepsyon.
Est éligible à la pension de retraite, tout agent public ou tout agent d’un organisme de l’État qui, âgé de cinquante huit (58) ans au moins, a fourni à l’État un minimum de cinq (5) années (60 mois) de service au cours desquelles la cotisation mensuelle, basée sur ses traitements, a été versée au fonds de pension.

Nan anpil peyi retrèt se yon peryòd moun yo ap tann ak enpasyans e yo konsidere se yon benefis, sa kap pase an Frans aktyèlman  akoz otorite yo ogmante laj pou fonksyonè pran retrèt se yon prèv ki montre sa.

Men se domaj pou n wè an Ayiti menmsi fonksyonè a ap tranble sou baton, li pa vle pran retrèt, laj minimòm retrèt isi se 58 an, men si w ap byen obsève, wap jwenn granmoun ki gen plis ke 70 an nan fonksyon piblik la, ala sa grav. Dekrè sou fonksyon piblik la klè sou sa, yo pa dwe kenbe yon fonksyonè an pòs depi l depase limit laj pou retrèt.

Akoz fay ki gen nan dekrè 9 oktob 2015 ki modifye ansyen dekrè sou retrèt yo, retrèt la poko otomatik e tèks sa montre se konsène a ki pou fè demand lan. Kòm pifò moun pa vle pran retrèt, sitou akoz salè yo ki p ap pèmèt yo resevwa yon pansyon valab, sa vin fè pifò fonksyonè ki gen anpil laj rete nan pòs pandan sante yo pa menm pèmèt yo fè travay la.

Gen kèk inisyativ ki pran pou ensite yo pran retrèt lè yo ofri yo kèk avantaj, men sa pa sifi, fòk tèks sou retrèt la rezoud pwoblèm lan nan menm sans ak sa dekrè sou fonksyon piblik la a di nan atik 196 la, lè sa depi laj retrèt yon fonksyonè rive, yap otomatikman mete l ala retrèt.

Tout pandan n ap onore ene nou yo e n ap aprann nan men yo, nou dwe konsyan fonksyon piblik la bezwen rajeni pou l ka renove.

Swiv nou

Nou pibliye sou paj rezo sosyo sa yo tou